Ensekirite : François Feguens resevwa 2 katouch ak yon kout manchèt devan lakay li nan vil Pòdpè

926

07-05-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan lannwit 4 jiyè 2022, vè 9è 45 pm., François Feguens resevwa 2 katouch, youn nan men, youn bò kòt ak yon kout manchèt nan tèt, nan men endividi yo pa rive idantifye pandan li chita devan lakay li, nan Ri Kapwa, nan vil Pòdpè.

François Feguens pou konnya ap pran swen nan Lopital Profilaksi, nan site Kapwà Lamò a. Daprè detay ke TRiboLAND arive jwenn, sante Fequens reyèlman pa gaya; entèvansyon chirikal yo konplike e doktè yo poko ka rive gen kontwòl katouch ke li pran bò kòt la.

Fequens se yon anplwaye ONA e li te toujou pratike aktive ‘Carwash” nan vil la. Sepandan, pa janm genyen oken detay sou prezime kriminèl ki komèt yon parèy zak.

Comments are closed.