Sektè pwotestan an, bay pozisyon li konsènan avan pwojè refòm konstitisyon 1987 lan.

402
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Sektè pwotestan an nan Grandans, atravè Prezidan Lig Pastè yo, pou depatman Grandans lan, Pastè Remy Bernade, bay pozisyon li sou kesyon chanje konstitisyon 1987 lan.

Pou Prezidan Lig Pastè yo nan Grandans, komite pilotaj lan, ki dirije anba direksyon ansyen premye minis Eneck Jean Charles, pa fè yon bon travay pou peyi a, Prezidan Lig lan, ale pi lwen pou fè konpwann, Ayiti pa genyen pwoblèm konstitisyon.

Depreferans, pou Prezidan Lig lan, se aplikasyon konstitisyon 1987 lan, ki pa fèt, li ale pi lwen pou di, ekip ki anplas la, pa genyen okenn lejitimite an absans palman an, pou chanje manman Lwa peyi a.

Kòm pwopozisyon soti peyi a nan salmanaza mesye dam yo nan pouvwa, mete – l depi kèk tan an, pou Prezidan Lig Pastè yo, se rezoud fenomèn ensekirite jeneralize a, ak koripsyon nan tout bwàt enstitisyonèl Leta manfouben an.

Share:

Leave a reply