Yon ansyen senatè nan depatman sid la mande tout ayisyen mache kont diktatè ak ensekirite a

256

02/27/21

Jakmèl_____(TRiboLAND) Nan kàd pou bay yon repons ak ensekirite e projè dictatè prezidan defakto Jovenel Moise la, ansyen senatè pou depatman sid la, Dieupy Cherubin mande tout kretyen pwotestan ak sitwayen konsekan alawonbadè pou leve kanpe.

Cheruben deklare se devwa tou patriyòt konsekan pou angaje yo nan yon parèy demach e ankouraje tout l`ot sèktè nan vi nasyonal pou libere peyi anba dictatè a, mizè ak ensekirite.

Manda Jovenel Moise rive nan fen li depi dimanch 7 fevriye 2021 dènye; li kloure sou pouvwa a avèk konplisite kominote entènasyonal la, daprè Dieupy Cheruben ki konsidere mach pasifik 28 fevriye, pràl konstitye yon fòm referandòm pou pèp ayisyen an sou demokrasi ak viktwa dwà moun.

Pou yon parèy mouvman pwotestasyon, se pwèske tout peyi a ki mobilize: kretyen, sendika, bawo, òganizasyon sosyete sivil la ap gen pou mache egalman nan plizyè vil atravè peyi a. Sepandan, Dieupy Cheruben ki alafwa pastè e yon pwòch pouvwa Jovenel Moise la, deja anonse ke vil Jakmèl pràl foule beton an, aprè sèvis ou kul adorasyon. Tout kretyen yo ak lòt sitwayen pràl rasanble toupre avyasyon sivil vil la epi kandale desann nan lari.

Comments are closed.