Nan yon rankont ak laprès, majistra Gaston Estima kritike yon gwoup otorite ak vès kap ankouraje fenomèn ensekirite a nan Senlwidinò

828

03 – 12 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, majistra Gaston Estima kritike yon gwoup nèg ak vès ki sèvi pèsekisyon pou polis minisipal yo kap travay pou konbat fenomèn ensekirite a nan komin Senlwidinò.

Majistra a pale sou diferan mezi ki deja pran pou tabli lapè nan mitan popilasyon an. Yon lòtbò li pale sou BSAP ak Brigad entèvansyon rapid la kap ede yo fè fas ak fenomèn ensekirite jeneralize a kap vale tèren nan tout komin nan.

Majistra Gaston mande sipò ak kolaborasyon tout moun nan popilasyon an, yon fason pou rann travay polis minisipal yo vin pi efikas, pou nou ka jwenn tout sèvis ki nesesè yo.

Comments are closed.