Lapolis ak Lame fè yon gwo kout dan sou gang 5 segonn

928


04 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Militè FADH yo nan tèt kole ak Lapolis mete dòmi nan je plizyè sòlda gang 5 segond jounen jedi 25 avril 2024 la. Bandi sangwen Izo yo, ki bati katye jeneral yo nan Vilaj Dedye te rive jis nan Ri Antèman nan kapital la, pou te vin simen latwoublay nan moman konsèy Prezidansyèl la tap prete sèman.

Bandi sila yo ki te jwenn ak zo grann yo, te pase yon move moman anba men fòs lòd yo.

Plizyè sòlda 5 segonn mòtèlman blese, epi fòs lòd yo rekipere yon machin ki te nan men bandi yo. Se youn nan machin gang Izo a abitye fè patwouy sou non “Inite Vilaj Dedye”, pou teworize popilasyon an.

Comments are closed.