Depatman Deta peyi Etazini remèt PNH la plizyè lo materyèl dezagreman

884

04 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse bò kote wo responsab depatman Deta peyi blan meriken yo, yo remèt bay PNH la, jounen jedi 25 avril 2024 la, divès lo materyèl nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a.

Materyèl sa yo, dapwè yon wo grade nan PNH la, pral kapab sèvi pou ogmante kapasite operasyonèl enstitisyon PNH la pou konbat fenomèn ensekirite a.

Nan sans sa a, DG PNH la, Frantz Elbé, remèsye gouvènman ayisyen an paske yo achte materyèl yo e remèsye depatman Deta ameriken ki te deside asire transpò materyèl ak ekipman yo.

Comments are closed.