Vil Lauderhill : inisyativ Komisyonè Denise Grant fasilite komin Kenskòf genyen yon anbilans

4,043

01/15/2022

Lauderhill, Florid——–(TRiboLAND) Si genyen munisipal ki konsène pou sa kap pase jounen jodia nan peyi Dayiti, munisipal Vil Lauderhill nan Kontre Broward, Eta Florid se youn pami yo. Sa esplike atravè yon seri demach ke otorite lokal yo pran ki gen pou wè avèk yon laj kominote ayisyen kap viv nan Lauderhill. Nap raple, sa pa genyen lontan, Konsèy munisipal vil la te fè sòti yon rezolusyon kote ke li te kondane e denonse ofisyèlman move tretman ak diskriminasyon imigran ayisyen tap subi anba pon “Del Rio” nan Eta Texas. Yo te egalman mande administrasyon Joe Biden nan tou pou mete yon fen nan move tretman, ekspilsyon masiv ak blokaj sistematik ki anpeche ayisyen yo fè demann azil politik.

Konsan, li evidan ke Konsèy munisipal Vil Lauderhill pa fèmen je li sou sitiyasyon ki konsène pwemye repiblik nwà endepandan an, Ayiti.

Nan mitan: majistra Jean Massillon (Kenskòf) ak majistra Ken Thurston (Lauderhill) nan yon priz foto ansanm ak 2 lòt komisyonè sou kote.

Apwè ke yo te aprann vil Kenskòf, depatman Lwès peyi Dayiti, te nan nesesite yon anbilans, yo te bay dèyè yo 2 tap pou te antrepran demach, mobilize ak òganize kanpayn atravè lèt ak pwezantasyon pou te adrese yon parèy bezwen, dapwè Denise Grant Komisyonè Vil Lauderhill la ki tap ekspwime rekonesans li kòm kanal pou yon parèy inisyativ ki debouche sou yon donasyon yon anbilans. Sèvant piblik la ki se manman inisyativ la, fè deklarasyon sa nan moman li tap akeyi atravè yon resepsyon espesyàl onorab majistra komin Kenskòf la, Jean Massillon yè lendi 10 janvye 2022 a.

Komisyonè Denise Grant ki te enpwesiv, elegant ak yon bèl wòb jonn sou li, rabat pou li te tou pwofite voye yon chay remèsiman pou senatris Daphne Campbell, majistràt Hazelle Rogers, vis-majistra Samson Borgelin, Konsil jeneral ayisyen an, Dorothy Samson, Guithele Ruiz-Nicolas, pastè Cherry yo, Philomine, Nadia Assad, Roody Lormera, Jackie Vernon Thompson, Vivette Johnson ak Amani pou sipò ak èd yo ki te pèmèt rèv anbilans pou Kenskòf la tounen yon reyalite.

Nan yon nòt remèsiman ki te adrese  a Komisyonè Denise Grant, majistra komin Kenskòf la kalifye yon parèy inisyativ “eworik”, kote ke Madanm Grant pat janm sispan batay pou fè yon parèy rèv tounen yon reyalite.  

Grant ki se yon etranje, men ki fè santi pwezans li nan kotidyen kominote ayisyen nan Lauderhill, montre emèjans yon leadership kap pran jarèt ak yon pouvwa konvokasyon ki pa lòt bagay ke kapasite yon òganizatris kominotè ki reyini tout antite supòtè nan kad reponn efikasman a yon pwoblematik kominotè.

Pandan ke TRiboLAND.com ap ankouraje otorite komin Kenskòf amenaje ou pran bonjan swen yon parèy donasyon, inisyativ Komisyonè Grant lan, melanje ak tout supò Konsèy munisipal vil Lauderhill e lòt figi leader kominotè ou sèktè biznis lan (ki arive fè rèv anbilans lan devni yon reyalite), ap rete grave nan memwà pèp ayisyen an! Bwavo ak tout yon chay mèsi alawonn Badè!

Comments are closed.