Moun Ansafolè lanse Baraj Lanmè a Pap Kanpe (BLPK)

939

04 – 22 – 2024

Ansafolè, Ayiti _____(TRiboLAND) Lanmè a nan zòn Ansafolè pa sispann sible popilasyon an, yon sitiyasyon ki deja pèmèt anpil moun ki te kay yo. Nan kad yon rankont ki fèt, kote Enjenyè Claude Louis ki travay nan Kanal Wanament lan te prezan. Moun yo lanse BLPK ki se: Baraj Lanmè a Pap Kanpe.

Nan entèvansyon enjenyè Claude fè, li mete li disponib pou moun yo nan kad pwojè sa. Enjenyè mande sipò tout moun ki nan peyia, tankou nan entènasyonal la pou yo pote kole pou reyalize chantye sa, paske depi nou vle, nou kapab.

Enjenyè a mande moun yo pou mete sou kote tout ego ki kapab fè yo pa avanse, pandan yo pral kontinye voye mesaj bay divès lòt peyi ki di ayisyen pa ka antann yo pou fè sak bon. Enjenyè a ki di li toujou choke lè lap gade sou rezo yo, dega lanmè a ap fè, vini pou travay, baraj la pa enposib ni difisil, men se nan linyon sa ka rive fèt.

Enjenyè Louis fini pou li di, pandan chantye a lap bezwen 150 jenn fanm ak gason pou LPH (Linyon Pou Ayiti) fòme nan domèn konstriksyon, Jèn sa yo pap peye yon Goud Lesko paske li wè Nòdwès gen anpil potansyalite pou devlope domèn konstriksyon.

Comments are closed.