Ansyen prezidan defakto Jocelerme Privert reponn kesyon nan kabinè denstriksyon.

913

04 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Ansyen prezidan defakto Jocelerme Privert reponn kesyon jij denstriksyon Merlan Belabre nan kad dosye detounman byen ak materyèl piblik CNE yo.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, nan moman seyans entèwogasyon an, ansyen prezidan Sena a ta ka voye byen lwen tout akizasyon ki ta fè kwè ke li ta detounen byen ak materyèl CNE.

Yon lòt bò, majòjon politik la lonje dwèt jouda li byen long sou ansyen prezidan asasinen an, Jovenel Moïse, li akize kòm moun ki ta ka sèvi ak materyèl CNE yo pou zafè karavàn chanjman.

Yon seyans ki ta pral dewoule pandan anviwon 2èd tan, pat sòti ak anyen serye an favè popilasyon an, tout fwa ansyen majòjon defakto a fè konnen l’ap mete li disponib pou lajistis.

Comments are closed.