Yon prizonye ki pote non Lubin Méus mouri nan prizonye sivil Tigwav la.

801

04-22-2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lubin Méus, se non yon pèsonaj ki genyen 73 lane sou tèt li, mouri nan prizonye sivil Tigwav la, nan lannwit dimanch 21 pou louvri lendi maten 22 avril 2024 la, selon komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul ki konfime enfòmasyon an.

Sitwayen Lubin Méus mouri akoz li tap soufri ak divès ka maladi nan prizon sivil Tigwav la depi kèk jou, selon komisè Elioth, se jij depè sipleyan Valenbrun Jasmin ki te pwosede ak konsta legal yo.

Lubin Méus se moun nan depatman Grandans, patikilyèman komin Lèzanglè nan peyi Dayiti. Li tap viv nan komin Fondènèg, li te jwen arestasyon li sou lòd pakè jiridiksyon Miragwan nan.

Nap siyale, nouvèl prizon sivil tou nèf la, inogire ak yon sal enfimri ki genyen kabann ladann; men sepandan li pa genyen ni doktè, ni enfimyè ki pou pran swen prizonye yo kap tonbe malad chak jou ki jou.

Comments are closed.