Nòdwès : Plizyè chèf gang ap rache, bwile, touye e ekspilse abitan yo ki pa konnen ki sen pou yo rele

11/08/2021
Duval, Ansafolè_____(TRiboLAND) Moun “Bitasyon Nan Fouk”, pwemye seksyon Duval sou zònn Ansafolè, konplètman ratibwàze anba kriminalite divès chèf gang kap rache, bwile, touye, kidnapping, koupe tèt e ekspilse abitan ki oblije al pran refij nan plizyè lòt komin atravè depatman Nòdwès la.
Abitan ki koulya ap mennen yon vi mizerab nan domi anba galri moun, pran wout Radyo Markoni nan Pòdpè pou mande konkou otorite yo kont yon sèten Zayèl, Ti Likou ak 2 lòt chèf gang ki touye yon latriye abitan, mete dife nan yon pakèt kay e fè yon kantite abitan leve kouri bay lokalite a blanch.
Pami moun sa yo ki nan yon eta izolman, sanzabwi e kap dòmi anba galri ou pye bwà kap viv nan mal site, se ka Nasilia Désir, yon rezidan ‘Nan Fouk” ki arive chape pou l li ak tout yon ti gason ki koulya ap mal mennen anba galri lakay moun nan vil Pòdpè.
Nasilia deklare ke se apwè ke yo fin touye yon konzen li ak yon lòt malere ki rele Odilès, se lè sa li mete van nan vwèl ak yon ti pitit gason ki san manman e san papa ki te nan men li. Li se dènye moun ki kite zòn “Nan Fouk” apwè ke anpil moun mouri ak pati byen lwen nan yon zòn ki rele Kolonbo, Dupon.
Chita nan Studyo Markoni nan Pòdpè: yon ti ràd ki fwèl fwèl sou li, yon ti fizik enkyetan ak yon vizaj agonizan, Nasilia deklare ke li tonbe nan mande charite nan vil Pòdpè. Li deklare pòv yo kap mande devan Katedràl site Kapwà Lamò a fè l gwo malonèt ak desepsyon akòz li se yon nouvo veni pami sa yo ki antre nan mouvman lacharit la. Konsa, yo ta repwoche l dèske li soti pou retire manje nan bouch yo e pafwà yo bat li chak fwà li ta resevwà yon kichòy
Konsa, pasaj Nasilia nan Radyo Markoni se jwen yon “bon pwochen papa bon kè” ki kapab ede l jwenn yon ti komès dlo oubyen fèy legim yon manyè pou li arive mete Charles lekòl pandan lap bwàse nan lari a ak drive anba galri lakay moun ke li pa menm konnen nan vil Pòdpè.






