Avan fèt se fèt pou Sentàn ak Sen Jak nan Ansafolè!

1,539

07-25-2022

Ansafolè, Ayiti______(TRiboLAND) Komin Ansafolè nan Nòdwès peyi a ap prepare pou selebre sen patwon li, Sentàn ak Sen Jak, demen madi 26 jiyè 2022 a.

Depi jounen 25 jiyè a, nan tout ti kwen nan komin lan, moun kapab konstate anpil pèleren abiye an ble ak wouj, soti nan tout ra kwen e debake nonsèlman pou fete Sentàn ak Sen Jak, men pou selebre egalman an gran panpan Grann Sentàn Charitab ke yo kwè ki toujou reponn priyè yo.

Se pou tout rezon sa yo, depi plis pase 2 semèn, vodouyizan, wongan tout plim, tout plimay soti tout kote ak tout kalite inifòm pou selebre Grann Sentàn Charitab nan yon gran sòkòtò atravè komin Ansafolè.

Anbyans jounen jodi 25 jiyè a, li make ak yon gro defile ki òganize avèk yon kòtèj ki gen yon rèn maryaj nan tèt li. Se te yon foul moun enpekab ki tap danse e rele lèsen avèk yon cha mizik ki tap simaye kout tanbou vodou tout kalite,

Nan moman pelerinaj sa, atizan ak atis yo pwofite okazyon an, pou vann divès pwodwi lokal yo. Se yon moman pou tout moun ki konn fè yon bagay, profite vann pou antre yon ti tchotcho.

Antouka, randevou kase pou jou-J a ki se demen 26 jiyè a kote anbyans plen grennen yo pral miltipliyè ak plis aktivite sòlòkòtò chandèl galbanno nan milye sosyete vodou a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.