Lapolis nan vil Pòdpè mare kou krab yon prezime asasen ki t’ap viv nan peyi Kanada.

877

04 – 22 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan site Kapwa Lamò a anonse yo mare kou krab Seneck Alexis, yon prezime asasen 46 lane ki t’ap viv nan peyi Kanada.

Enfòmasyon responsab PNH yo pataje ak laprès, ta fè kwè, yo t’ap chèche Seneck Alexis kou chen fou; yo akize li kòm moun ki ta touye ti frè li nan lane 2020.

N’ap raple’w ke fòs lòd yo poze lapat sou Seneck Alexis 46 lane, nan moman li ta pral legalize yon zam nan komisarya Pòdpè a.

Comments are closed.