Selebrasyon fèt Sentàn nan komin Ansafolè

1,405

Yon mès aksyon degras chante nan pawas Sentàn, nan komin Ansafolè, depatman Nòdwès

07-26-2022

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan omeli sikonstans lan nan okazyon fèt patwonal Sentàn nan komin Ansafolè, Pè Isnel Armannor raple popilasyon ke genyen yon seri antrav ou pichon ke yo dwe mete deyò nan peyi a yon fason pou peyi a kapab delivre.

Nan yon premye tan, li mande mete bagay ki rele L’ONU deyò ki genyen plis pase 18 lane depi ke li lage peyi a nan trou san fon e dezyèmman kraze tab tabilasyon an ki se yon enstriman kòken mèt dàm ki manipile eleksyon anndan peyi a.

Sou plan edikasyon , Pè Isnel kritike responsab yo ki demsyone. Timoun yo pa resevwa yon edikasyon ayisyèn. Sistèm nan dwe repanse ak mòd edikasyon yap bay timoun yo ki pa mache ak kilti mès oubyen kilti yo.

Pou fini, Monpè solisite popilasyon an, devlope yon santiman viv ansanm, pou vin gen mwens vyolans, pou yon chanjman radikal, pou nou kapab di: “pou pap janm retounen nan sa nou te ye anvan ankò”.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.