Wanament: Gwo van tansyon soufle ak barikad anflame nan zòn Gaya maten lendi 26 jen 2023 a

704

06-26-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon bò nan vil Wanament, depatman Nòdès peyi Dayiti leve an chango bonè maten lendi 26 jen 2023 a.

Depi aprè lanmò ti adolesan an nan zòn Gaya, popilasyon nan zòn nan pa rete endiferan; konsa, byen bonè maten an, yo deklentche yon mouvman leve kanpe pou mande jistis ak reparasyon pou viktim 15 jen 2023 yo.

Depi anviwon 5h nan maten plizyè ri ki mennen w nan Pak Endistriyèl konpayi Kodevi Wanament lan, bloke avèk kakas machin ak bwa. Barika anflame kap bwile nan diferan katye tankou nan Baz Tèt Frèt ak Anba Gaya, kreye blokis ak laperèz e rann aktivite va e vyen yo trè limite, daprè sa ki rive jwenn TRiboLAND.

Nan yon odyo kap sikile sou rezo sosyàl yo, popilasyonan nan Gaya, ta entèdi moun Kodevi al travay jiskaske Kodevi reponn ak revendikasyon yo ki se: jistis ak reparasyon pou viktim 15 jen yo .

Daprè enfòmasyon yo sou dènye reyinyon ki te fèt ak responsab yo Kodevi yo, konpayi a pat asèpte pou l te antere ti adolesan an ki te mouri nan dènye  katchouboumbe yo; konsa,yo te lage responsablite a sou Leta Ayisyen..

Nap raple, antèman yonn nan viktim 15 jen yo, te chante jounen samdi 24 jen an nan Wanament.

Comments are closed.