Konsèy prezidansyèl la pa kapab enstale akoz majorite nan manm yo pa genyen okenn pyès ki pou pwouve yo atache ak peyi a.

04 – 20 – 2023
Leyogann, Ayiti _____(TRiboLAND) Agonòm Gary Aliance, nan yon interview ak laprès samdi 20 avril 2024 la, deklare konsèy prezidansyèl (CP) pap kapab enstale akoz majorite nan manm yo pa genyen okenn pyès ki pou pwouve atachman yo ak peyi a, ni yo pa genyen pyès ki kapab jistifye ke yo tap ekzèse yon pwofesyon nan peyi a padan 5 dènye ane yo.
Pou agonòm Gary Aliance, li pa nòmal pou genyen yon gwoup moun ki vle vin dirije peyi a, se pandan yo pa anmezi pou pwouve kalite yo; mete sou sa yo pa genyen kazye jidisyè ki di yo pa nan demele ak lajistis ayisyèn.
Toutfwa, leyoganè a, kap poze tèt li kesyon pou konnen jous ki lè nap soti nan salopriti grenn senk sa a nou ye la, pandan l deklare viv yon gwoup moun eklere, tounèf, kapab, onèt ki pou vin mennen bak peyi a.






