Komin Tigwav rate opòtinite pou l te devlope pandan 10 dènye ane yo.

812

04 -20 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè kolektif jènn revolte pou pwogrè Dayiti (CJRPD) Jean Bony nan yon konferans pou laprès jounen vandredi 19 avril 2024 la, deklrare komin Tigwav rate opòtinite pou l devlope pandan 10 dènye ane yo.

Responsab (CJRPD) Jean Bony, fè konnen rezon ki pose li fè gwo bout tonton deklasyon sa a, nan laprès, kont politisyen Tigwav ki te nan pouvwa a, se paske li estime te genyen plizyè pitit komin nan ki te okipe gwo pòs nan leta a, pandan 10 dènye yo; sòti sou ansyen prezidan Joseph Michel Martelly tèt kale wòz, pase sou ansyen prezidan JoveneL Moïse rive sou premye minis defakto Ariel Henry.

Pami annafè yo ou jwenn Michel Patrick Boivert ki fè plis pase 5 lane minis finans ak ekonomi, Jones Cofy minis komès, Abner Septembre minis anviwonman, Josué Pierre Louis sekretè jeneral Palè Nasyonal, Jacques Steevenson Thimoléon direktè jeneral ministè planifikasyon, ki daprè li, yo tout te minis, direktè jeneral nan menm peryòd la. Mete sou sa, se yo menm ki mete majistra defakto, pandan yo pa rive inogire menm yon latrin nan vil la, alòske komin nan soti resevwa yon tilapli avanyè mèkredi a, ki pa menm dire 10 minit, vil Tigwav inonde: enfrastrikti woutyè yo kraze, rivyè yo ankri, chaje timou ki lage lari paran yo pa genyen mwyen pou voye yo lekòl, anpil moun ap dòmi nan lari anba je otorite sansal sa yo.

Pou tout rezon sa yo, alatèt kolektif jènn revòlte pou pwogrè Dayiti (CJRPD) Jean Bony mande popilasyon tigwavyèn nan, pou pran tan yo, pou pran san yo, yon fason pou byen prepare yon repons negatif pou ansanm politichyen malpwòp, kriminèl, ensousyan, kòwonpi sa yo, nan pwochèn eleksyon kap genyen pou reyalize nan peyi Dayiti.

Comments are closed.