Ajan Egzekitif enterimè komin Leyogann nan, prezante bilan pasyèl sou dega inondasyon an fè nan komin nan.

1,188

Bilan pasyèl dega yo nan komin Leyogann, bay men nan machwè.

06-04-2023

Leyogann, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan Egzekitif enterimè komin Leyogann nan, Ernson Henry, prezante bay laprès, jounen dimanch 4 jwen 2023 a, bilan pasyèl inondasyon an, nan komin lap administre a.

Pou pipiti 14 moun pèdi lavi yo, 6 mil fanmiy sinistre, 7,700 kay pase anba dlo ak labou, 2,500 tèt zannimo disparèt, se bilan pasyèl gwo dega inondasyon an, nan komin Leyogann ayè samdi 3 jwen 2023 a.

Nan moman nap pale a, pou repete ajan egzekitif enterimè a, popilasyon an ap bwè mizè,l pou kòl. “Nou pa wè prezans Lakwa Wouj, mèri a pa kapab pote kole nan sa ki la, pwoteksyon sivil pa gen materyèl pou reponn ak egzijans yo. Kidonk, se Leta santral nap tann, daprè plizyè group moun ki pase tout yon lanwit sou do kay.

Nap raple ou, se 3 rivyè ki jwenn ansanm ki lakòz tout gwo dega sa yo, pandan pasaj inondasyon an ayè samdi 3 jwen 2023 a, yon dram ki mete komin Leyogann ajenou.

Tout kouch, tout sektè jwenn. Peyizan yo prèske pa gen jaden ki rete ankò, alòske sektè transpò a fwape jis nan zo, akòz plizyè machin kap naje anwo dlo. Se tout Leyogann ki pran kou!

Comments are closed.