Lapolis nan komin Gresye ak Leyogan bezwen bon jan zam ak ekipman nesesè pou lite kont bandi kriminèl yo

310
2
Share:
TRiboLAND

09 – 19 – 2024

Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan komin Gresye ak Leyogan bezwen bon jan zam ak ekipman nesesè pou lite kont bandi kriminèl yo nan rejyon Dèpal la dapwè kòdonatè Òganizasyon pou Devlopman nan Gwo Mòn Leyogan (OPDGL), Genel Janvier nan kad yon entèvansyon li fè nan lapwès maten jedi 19 septanm 2024 la

Dirijan 0PDGL la pwofite anonse yon gwo jounen mobilizasyon pou mèkredi 25 septanm 2024 kap vini la a. Nan lide pou egzije chèf gouvènman an Gary Conille, DG Lapolis la Normil Rameau pou founi komisarya Gresye ak Leyogan bon jan zam zenzen ak materyèl nesesè pou ekstèmine bandi kriminèl yo nan rejyon dèpal la. Konsa, sa ap kapab fasilite deplase yo retournen lakay yo nan komin Gresye.

Toutfwa ala tèt ODPGL la nan Leyogan Genel Janvier, ankouraje popilasyon an pou kolabore ak lapolis, lajistis nan fourni yo bon jan enfòmasyon yon fason pou trake bandi sangwen kriminèl yo nan rejyon Dèpal la ki ran’n lavi fanmiy nan kominote sa yo vin pi difisil.

Share:

2 comments

Leave a reply