Enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la, ta dwe fèt semèn sa a, annatandan piblikasyon non pèsonalite kap genyen pou konplete konsèy la.

858

03 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Enstalasyon manm Konsèy Prezidansyèl la, ta dwe fèt semèn sa a, annatandan piblikasyon non pèsonalite pou konplete konsèy la. Tout estrikti politik yo deja voye reprezantan yo bay kominote Karikòm, eksepte pati politik Pitit Desalin ki pa voye reprezantan yo.

Daprè tout enfòmasyon yo, Karikòm deja resevwa 6 non diferan estrikti ak obsèvatè kap genyen pou jwe wòl konsèy la.

1-Edgard Leblanc fils, Kolektif 30 Janvye

2-Lesly Voltaire, Fanmi lavalas

3-Jusleine Monpremier, EDE, RED

4-Fritz Alfonce Jean, Akò Montana

5-Louis Gérald Giles, Akò 21 desann

6-Laurent Sincire, sektè prive

7-René Jean Jumeau rasableman pou antant nasyonal souvren

8-Jean André Raymond, sektè dyaspora.

Anfen, se non pèsonalite sa yo ki pral jwe wòl manm Konsèy Prezidansyèl la, aprè piblikasyon li nan jounal ofisyèl peyi a, “Le Moniteur”.

Comments are closed.