Gonayiv : Van ensekirite sangwen yo kreye anndan peyia pase pran Denis Tanisma

809

04 – 20 – 2024

Gonayiv, Ayiti ____(TRiboLAND) Denis Tanisma tonbe anba bal endividi yo pa rive idantifye samdi 20 avril 2024 la, vè 1è di maten. Aksyon sa pase nan Riyèl Selin, zòn Gatro nan site Endepandans lan.

Denis Tanisma ki resevwa plizyè pwojektil al rann dènye souf li sou kabann lopital. Oken detay poko soti pou ki konnen ki sa ki ta koz malfwa atake viktim lan.


Comments are closed.