Konsèy prezidansyèl 7 kòn karikòm nan kontinye ap vire anwon.

817

03 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Batay pou enstale yon gouvènman nan tèt peyi Dayiti, pa sispann lage gwo chirepit nan klas politik ayisyèn nan dènye jou sa yo. Se ka pou tantativ enstorasyon Konsèy prezidansyèl 7 kòn Karikòm nan ki kontinye ap virewon akòz kèk manm k ap resevwa pataswèl ak pakala nan twoke kòn mete kòn.

Seka pati politik RED/EDE ki deja voye plis pase 3 reprezantan yo nan Konsèy la. Apre Dominique Dupuy, 34 lane te fin remèt demisyone li atravè yon videyo kap vire won sou rezo yo, se anbasadè Smith Augustin ki ranplase li nan Konsèy prezidansyèl 7 kòn nan.

Nan sans sa a, aktè politik yo ta pral voye yon korespondans prese, prese bay Karikòm nan lide pou konfime chwa nouvo doktoran sosyoloji an ak espesyalis nan zafè defi politik nan Karayib la, jounen dimanch 23 mas 2024 la.

Comments are closed.