Jenès 10 depatman jewografik peyi Dayiti lanse “Mouvman Anvlòp Jon” sou tout peyi a.

737

“Jenès la bezwen travay, se nouvo eslogan jèn fanm ak jèn gason nan peyi Dayiti”.

01-09-23

Ayiti____(TRiboLAND) Pou jèn yo, jwenn travay se yon bagay nòmal. Kòman fè nan yon peyi kote yo konsidere jenès la kòm avni, epoutan majorite jèn nan lakou lakay ki gen yon diplòm etid nan men yo, kap boske travay, men pa ka jwen travay?

Etidye nan yon domèn, pèsòn pa mande yo sa yo pot pou vann. Nou lage pou kont nou paske dirijan isit ta sanble pa ni konn wòl yo ak responsabilite yo. Nan sans sa, jènès la, tout moun ki nan chomaj, ki gen kapasite pou travay epi kap chèche travay, dwe leve kanpe pou fè tande vwa yo. Yo dwe fè pase revandikasyon kap pèmèt dirijan pa bò isit repanse fason yap dirije. Pou repete tektyèlman deklarasyon divès jèn gason ak jèn fi kap pwone “Mouvman Anvlòp Jon” nan.

Nou pa vini pran plas pèson, sèlman nou vle entegrasyon nou ak bon jan ankadreman; nou vle pote kontribisyon pa nou nan konstwi yon lòt Ayiti, yon lòt Repiblik, pou lè nou rive an 2054, ki pwal fè nou 250 lane endepandans, pou nou di ke n fyè paske nou te deside angaje nou nan travay kòt a kòt ak sa ki te pi ansyen pase nou, ki ba nou rezilta sa, kote nou ye jounen jodia.

 Nan sans sa a, jèn fanm, jèn gason “Mouvman Anvlòp Jon” yo mande, ak tout jèn ki nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti, kontinye fè tande vwa yo. Kidonk, kontinye pran angajman nan non Ayiti, pandan yap kole zepòl, pran konsèy nan men sa ki pi gran pase yo ou nan men sa ki gen plis eksperyans pase yo. Yo dwe konprann pa genyen pesòn kap fèl pou yo; se jodia menm pou yo prepare demen an, kòm yo toujou di jenès la se avni peyi a.

“Travay se yon dwa sakre, travay se yon dwa ke konstitisyon an bay tout jèn gason ak jèn fanm atravè peyi Dayiti”.

MAJY Mouvman Anvlop Jon Yo

JenèsLabezwenTravay

Comments are closed.