Kèk kwen nan Pòtoprens leve anba gro tansyon nan premye jou egzamen ofisyèl 9è ane fondamantal yo

1,980

06-20-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Alòske egzamen ofisyèl 9è ane fondamantal yo kòmanse jodia, kapital peyi Dayiti a leve anba gro tansyon maten jodi lendi 20 jwen 2022 a.

Anpil panik nan diferan katye nan Pòtopwens tankou Tabarre ak Pènye. Moun te kapab remake barikad kawoutchou flanm dife tap bay payèt, patikilyèman ant Ri Lamarre ak Avni John Brown.

Konsa, responsab Ministè Edikasyon Nasyonal te oblije asèpte fè kèk ajisteman pou etidyan ki te gen difikilte pou rive nan sal egzamen yo.

Comments are closed.