Leta ayisyen tanmen yon operasyon demolisyon kay ki kole ak Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens.

788

04 – 09 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Leta ayisyen tanmen yon operasyon demolisyon yon pakèt kay ki kole ak Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, nan Pòtoprens yè lendi 08 avril 2024 la.

Otorite ayisyèn yo atravè ministè finans ak ekonomi, AAN, OFNAC ak reprezantan meri Taba aprè divès chita pale, yo te rive jwen yon pi bon fòmil pou rezoud pwoblèm pakèt kay youn kole ak lòt ki trouve yo bò èpòt la, ki lakoz bandi ak gwo zam jwen fasilite pou tire sou avyon ki kanpe sou pis ayewopò a, yon sitiyasyon ki pèmèt avyon yo pa vole soti 29 fevriye pou rive madi 09 avril 2024 la.

Nap fè remake, pwojè sa ki genyen 4 faz, nan premye faz la, deja genyen 183 kay ki demoli yè lendi a, genyen yon kopi chèk ki ale jwen pwopriyetè kay yo sòti 500 mil pou rive 32 milyon goud daprè etid teknisyen yo, yon fason pou domaje pwopriyetè kay yo si nou ta vle kwè deklarasyon otorite ayisyèn yo.

Yon dosye TRiboLAND media ap swiv, pwiske seri operasyon demolisyon yo ap rapouswiv.

Comments are closed.