Bandi sangwen kidnape yon elèv inivèsitè nan Matisan

1,889

10/10/2021

Kafou____(TRiboLAND) Mercelynn Aimable, se yon lòt ka pami yon latriye ka kidnapping ke bandi sangwen yo fè nan depatman Lwès pandan weekend lan.

Dapwè Mercedes Lorcy Aimable ki se yon pwòch viktim lan e kap rele 2 men nan tèt, konfime ke bandi sangwen te kidnape Mercelynn nan moman li te sou wout Matisan yè vandredi 8 oktòb 2021 la vè midi.

Mercelynn se yon òfelen ki arive fè anpil jefò ak tèt li pou arive dote tèt li yon nivo inivèsitè yon fason pou itil sosyete a demen. Li se manm komite litiji Legliz Notre Dame Altagrace nan Sous Kowosòl nan Kafou. Selon pwòch viktim lan, kidnapè yo ta mande yo gwo magogo lajan kòm ranson pou libere jèn fi a.

Comments are closed.