Alatèt MJSP a, Rockfeller Vincent òdone PNH pou bay bandi yo “Tolerans Zewo” sou tout tèritwà nasyonal la

333

04/25/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Minis Jistis Rockfeller Vincent mande PNH la pou mete fren sou bandi yo san pas pouki.

Minis Jitis ak Sekirite Piblik la, Vincent ap trese lèl yon lòt fwa ankò sou kesyon ensekirite a ki pran yon dimansyon dramatik; konsa, li mande PNH la akselere pedal la yon fason pou arive frennen bandi yo san esepsyon.

Pi lwen, minis lan òdone enstitisyon polisyè a pou aplike “Tolerans Zewo,” kont bandi yo sou tout tèritwà nasyonal la.

“Li enpòtan pou frennen bandi yo san esepsyon,” dapwè Alatèt MJSP la ki tap depoze.

“Mwen òdone Wo Kòmandman PNH la pou frennen tout bandi Village de Dieu, Grand-Ravine, Croix-des-Bouquets ak tout sa yo ki pa sispan teworize sitwayen yo nan diferan katye,” dapwè sa Vincent ekri.

Comments are closed.