Jeremi : Jounen nasyonal vitamin A ak Sante Piblik Grandans

837

04 – 09 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Pou make “Jounen Nasyonal Vitamin A” nan Grandans responsab pwogram nitrisyon direksyon depatmantal ministè Sante Piblik Grandans lan, Mis Minoucheka Derosier, ankolarasyon ak lòt kòlèg li yo, òganize divès aktivite.

Sou tèm, “Tout manje jònn, vèt, wouj, genyen vitamin A; nap manje yo e nap plante yo”. Aktivite sa yo ki dewoule nan lokal Sant Carl Édouard Peeters lan nan Jeremi, te reyini pèsonèl sante ak anpil manman ki te soti atravè diferan komin depatman Grandans lan.

Nan kad aktivite sante sila a, manman te plede pou adopte yon rezolisyon pou konsyantize lòt moun sou enpòtans vitamin fas ak sante moun, patikilyèman pou ti moun yo, ki se yon jès lanmou.

Comments are closed.