Premye jounen rara nan Senlwidinò, pase nan kè poze ak bèl yayad

1,129

04-03-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Gras ak inisyativ lameri, lajistis, lapolis ak kazèk yo, rara a pran yon lòt dimansyon nan komin Senlwidinò ane sila a. Nan tan pase yo rara se te pi gwo edmi popilasyon an, malgre se yon aktivite kiltirèl tout moun nan komin nan bay yon apresyasyon kiltirèl pou fason yo prezante, men jan anpil moun itilize’l pou detwi lavi yon lòt moun, sa te vin pèdi anpil valè tradisyonèl li.

Nan peryòd rara, se tout moun, tout kouch sosyal ki pratike’l; menm moun ki pa renmen fason yo fèl la, gen tandans kanpe devan lakay yo pou gade bèl kadans, prestasyon ak fason yo abiye. Se konsa, ou pa ka konte foul moun kap defile dèyè yon bann rara.

Pou peryòd rara sa, sa byen pase jiska prezan nan komin Senlwidinò. Li enpòtan pou lapolis kontinye prezan nan tout ti kontre yo pou anpeche 2 rara fè rankont, si non, sòs la kapab koute pi chè ke vyann nan.

Selon kèk sitwayen nan komin nan, li lè e li tan pou ministè la kilti modènize rara nan komin nan, menmjan nan tout lòt depatman yo; konsa, rara tap vin tounen yon tradisyon djanm pou moun yo fè yon ti bwasaj ekonomik, pran plezi yayad ak anbyans kè poze pou moun defoule pandan yon peryòd byen detèmine.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.