DCPJ lonje dwàt sispèk sou ansyen minis Berto Dorcé nan dosye trafik zam ak minisyon nan ladwànn Pòdpè a.

1,104

04-06-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Dosye gwo kagezon zam ak minisyon nan ladwànn vil Pòdpè a franchi yon lòt etap.  Lapolis jidisyè fòmule yon demann bò kote jij kap jere enstriksyon dosye a, pou degaje’l kon mèt Jan Jak pou lage yon manda pote vini kont Mèt Berto Dorcé, ansyen minis Jistis ak Sekirite Piblik la, sou gouvènman vwayou Ariel Henry a.

Mèt Dorcé genyen gwo akizasyon malè ki pandye sou tèt li tankou: abi enfliyans ou otorite, asosyasyon malfektè, trafik zam ak minisyon ki enplike egalman yon seri Gran Toryan nan  bwat Jistis la tankou, Mèt Michelet Virgile, ansyen komisè gouvènman Pòdpè a, ki jiska prezan ap bwè prizon depi jiyè 2022.

Nap raple, nominasyon Mèt Berto Dolcé menm jan ak anpil lòt minis ki ta genyen soupson kriminèl sou tèt yo, se te chwa Ariel Henry.

Comments are closed.