Yon bandi tonbe anba bal lapolis nan vil Pòdpè.

671

Kerby Aleksi alyas Amawil, tonbe anba bal ajan UDMO yo, nan zòn Latandri, aprèmidi jedi 08 jwen 2023 a.

06-09-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Kerby Aleksi alyas Amawil, ki tap opere nan zòn Latandri, tonbe anba bal ajan UDMO yo, nan site Kapwa Lamò a, patikilyèman nan zòn Latandri, aprèmidi 8 jen 2023 a.

Enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, fè kwè, lapolis nan depatman Nòdwès la, tap chèche Amawil kou chen fou akòz divès chèf akizasyon ki te pandye sou dol.

Akize kòm moun kap twouble lapè piblik, konplo kont sirte enteryè Leta, bwakaj lannwit, asosyasyon malfektè, ak plizyè lòt lòbèy ke Kerby Aleksi, alyas Amawil enplike. Konsa, bandi Latandri a pap janm fè ankò. Li ta sanble li mouri nan pye travay li!

Comments are closed.