Aksidan sikilasyon nan zòn Ti Tanyen: plisyè blese anrejistre

183
0
Share:
TRiboLAND

05/15/2021

Ti Tanyen, Kabarè______(TRiboLAND) Zòn Ti Tanyen ki a 8 kilomèt vil Kabarè, anrejistre jodi samdi maten 15 me 2021 an, yon gwo aksidan sou wout nasyonal numewo 1 an.

Selon temwànyàj, ta sanble yon gwo trailer ki t’ap trese lèl arive antre an kolizyon avèk yon lòt veyikil ki te chaje avèk pasajè ak pwovizyon tankou viv alimantè e latriye, dapwè sa yon repòtè benevòl fè konnen. Konsa, plizyè moun nan kanton an t’ap miltipliye manèv sekouris yo yon fason pou bay men fòt ak sila yo ki tap benyen nan san yo.

Akoz defayans sistematik sikilasyon ou absans enfwastrikti woutyè, zòn Ti Tanyen ki se yon vilaj kote ke responsab yo te chwazi pou fòs komin pou viktim latè tranble 2010 yo, toujou fè fas ak ensekirite  woutyè ki okazyone yon pakèt aksidan mòtèl.

Share:

Leave a reply