Fanmiy Elisner Augustin mande chèf kokorat la libere l paske yo pap ka peye ranson.

877

04 – 08 – 2024

Lakwa Peris, Ayiti___(TRiboLAND) Fanmiy Elisner Augustin ap mande liberasyon souple bò kote chèf gang Kokorat San Ras nan Lakwa Peris ke yo te kignape nan jou ki pase yo.

Enfòmasyon yo ta fè kwè, sòm lajan yo mande kòm ranson an ta nan 200 000 dola, yon magogo ke fanmiy lan poko janm wè menm nan dòmi.

Fanmiy yo ki se moun Bèdeyèn nan komin Pòdepè, mande tout zanmi ak fanmi Elisner priye pou Bondye libere pastè sa ki nan gwo difikilte anba men bandi san fwa yo.

Comments are closed.