Majistra Kap-Ayisyen an, Yvrose Pierre vizite peyi Benen nan objektif pou bay jarèt ak yon seri lyen istorik e kiltirèl

1,072

03 – 01 – 2024

Alada, Benen____(TRiboLAND) Majistra Kap-Ayisyen an, Yvrose Pierre vizite peyi Benen nan objektif pou bay yon seri lyen istorik ak kiltirèl jarèt, te akiyi sou tè zansèt gason kanson Tousen Louvèti a, Benen, patikilyèman nan vil Alada, kote yo gwo delegasyon beninwà ki te genyen nan tèt li Majistra Joseph Cakpo nan ayewopò Entènasyonal Bernardin Cardinal Gantin, mèkredi 28 fevriye 20234 la.

Antouka, Ayiti ak Benen, se pwason kraze nan bouyon! Valè istorik ou kiltirèl 2 peyi yo jwen sous li depi kòmansman vwayaj trans Atlantik (komès esklav afriken yo), jis rive sou yon pitit zansèt beninwà ki te jwe yon wòl jenyàl e ewoyik nan elibere e bay nesans pwemye repiblik nwa mondyàl la, Ayiti.

Anplis, dapwè yon pwen pwès, tou 2 majistra yo te mete anfaz sou yon pwojè jimlaj ant 2 komin yo. Yo plede pou yo simante yon patenarya ki kapab fasilite devlopman lokal ak pwomosyon boukantaj sosyo-kiltirèl ant 2 minisipalite yo, Alada ak Kap-Ayisyen.

Yvrose, pandan vizit li, te genyen chans pout e rankontre yon òganizasyon fanm (RéFELA-BENIN), ki genyen nan tèt li Madanm Sessinou A. Lucie, ki se egalman majistra yon lokalite ki rele Ketou.

Nap raple’w, se yon koperasyon angaje ou desantralize ki se konsekans yon seri inisyativ ki genyen pou wè avèk UIASEC (L’UNION INTERNATIONALE DES ASSOCIATIONS SPORTIVES, EDUCATIVES ET CULTURELLES) ke ansyen minis Spò peyi Dayiti a, Edwing Charles ap dirije. UIASEC, genyen syèj sosyàl li aktyèlman isit nan Benen.

https://www.facebook.com/mairieallada/posts/pfbid0nZ7EhvqoGgDUVQWQmK9SAWiQiqEcdmRevoECAGvTGoSaVRsBHrgShNmtcF8pUrqpl

foto : koutawzi Meri Alada, Benen

Comments are closed.