Pòdpè bloke: abitan Site Maxo ak Nan Kasav mande entèvansyon mouche Leta.

441


06/07/2021

Pòdepè_____(TRiboLAnd) Byen bonè maten lendi 7 jwen 2021 an, Avenue Des Trois_Rivières (Sou Boulva a), blòk Gransavann, nan vil Pòdpè, bloke; an wo pa monte, anba pa desann. Majorite timoun lekòl yo te oblije al pase jis sou Chan avyasyon an pou evite yon blokis parèy. Malgrè sa,anpil pami elèv lekòl sa yo te rive nan sal klas yo anreta.

Rezon an, se abitan Site Maxo ansanm ak Nan Kasav, 2 gwo katye popilè nan vil Pòdpè, ki oblije barikade soti ak rantre vil la pou pwoteste kont otorite yo nan peyi isit yo di ki pa konn egzistans yo.

Selon pwotestatè yo, Site Maxo ansanm ak Nan Kasav, se 2 katye popilè nan Pòdpè; leta sanse voye jete yo nan poubèl depi dig dantan.

Abitan yo ki santi yo enpuisan devan gwo malè ki pandye sou tèt yo, oblije pran lari a pou eksprime kòlè yo kote yo lonje dwèt yo sou Ajan Egzekitif Enterimè komin Pòdpè a, Mesye Josué Alusma, yo di ki fèmen je l sou pwoblèm 2 gwo katye sa yo ap fè fas jounen jodi a alòske sa gen lontan abitan sa yo deklare majistra Alusma te konn al bwè wonm ak tafya nan baz yo se yon fason pou yo te kapab rekondui l nan Meri Pòdpè a.

Abitan yo kritike tou Leta Ayisyen pou travay 2 grenngoch sa yo; yo di l antreprann nan vil la; yon travay ki bay aksè pou dlo anvayi vil la chak fwa lapli tonbe.

Abitan Site Maxo ak Nan Kasav, ki pa jam sispann benyen nan fatra ak labou, fini pou di tout otan ke swa dizan responsab konsène yo nan peyi isit pa vin debleye 2 katye sa yo pou pèmèt popilasyon an jwenn aksè pou l al regle zafè l, “Avenue Des Trois Rivières “, sa tout moun rele (Boulva a),ap toujou barikade. Konsa, yon parèy pwotestasyon antre nan kàd fòse moun ki fè tèt yo pase pou chèf dwe reponn ak revandikasyon rezidan sa yo. Dapwè pwotestatè yo, menm zannimo ki zannimo p ap janm viv nan yon kondisyon parèy, alewè pou kretyen vivan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.