Meri Jeremi, demare ak posesis anrejistreman komèsan yo nan kad pwojè konstriksyon mache piblik Jeremi an.

807

04 – 08 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Inyon ewopeyènn atravè pwojè Iba Ayiti nan kad plan ibanizasyon vil Jeremi, mete a dispozisyon meri Jeremi yon anvlop ki evalye yon milyon san mil ewo pou konstwi mache piblik Jeremi an.

Pou sa fèt nan lòd ak disiplin, manm komisyon kominal Jeremi an, komanse ak posesis anrejistreman komèsan ak machann ki te deja genyen depo nan espas kote meri a pwal konstwi nouvo mache a.

Majistra Joël Jean Baptiste, kite akonpaye kòlèg li Sylmatha Pierre, ankouraje tout komèsan ak machann kap vann nan mache piblik Jeremi an, pou gade kalm yo, pote patisipasyon pa yo sou kelkeswa fóm, yon fason pou Jeremi pa pèdi pwojè mache a, ki genyen anpil enpotans pou vil Jeremi.

Comments are closed.