Lapolis fouke yon Ajan Dwanye ki sispèk nan zafè zam ak minisyon yo te sezi nan Dwàn vil Kap-Ayisyen an 5 avril pase a

803

04 – 14 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Okap arete Jean Bernard Joseph yè samdi 13 avril 2024 la, paske li se yon veritab sispèk nan zafè trafik zam ak minisyon. Non sipèvizè Dwàn Okap la site fò nan dènye lo zam ak minisyon fòs lòd yo sezi 5 avril pase a.

Ajan BLTS yo arete Jean Bernard Joseph ak yon manda trennen mennen vini bay Pakè Okap la ki te desène kont li. Sipèvizè reselè a pou konnya sou siveyans fòs lòd yo an atandan Lajistis tranche.

Divès fonksyonè Leta pa sispann enplike nan kesyon fè zam antre nan peyia, anpil fwa ki al ranfòse bandi sangwen kap teworize popilasyon an.



Comments are closed.