Dèy nan PNH la : yon enspektè polis mouri mò sibit lakay li nan vil Tigwav.

887

04 – 08 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jean Mary Fleurival, se non yon enspektè polis ki mouri sibitman lakay li nan zòn Bòn Sòlda nan vil Tigwav ozanviwon 3 zè aprè midi lendi 08 avril 2024 la, se komisè polis Gran Komisarya Tigwav la, Pierre Bellamy Samedi ki konfime nouvèl la.

Enspektè polis la, Jean Mary Flerival te komisyone nan sou komisarya Bòn Sòlda Tigwav, nan rantre vil la, nan zafè sikilasyon woutyè. Li se yon natif natal site Fosten Soulouk la.

Nap siyale, enspektè Jean Mary Fleurival pèdi lavi li, nan yon moman kote sou komisarya Bòn Sòlda ap fè fas kare ak yon karans polisye.

Comments are closed.