Prezidan CSCCA a depoze twazyèm rapò odit sou jerans magogo PetroKaribe a nan ti rès Sena a

257

Pòtoprens____(TRiboLAND) Se jodi lendi 17 out la ke prezidan CSCCA, Rogavil Boisguéné ansanm avèk akolit li ki se konseye St Juste Monmprévil ansanm avèk direktè kabinè li remèt 3èm rapò jerans ou gagotay magogo lajan PetroKaribe a prezidan Sena Repiblik la, Pierre Francois Sildor.

Daprè Mesye Boisguéné, rapò sa ki se dènye epizòd twa pòte e genyen apeprè 1067 paj, sanble tèt koupe nan fason 2 premye pòte yo te akouche an janvye 2019 ak me 2019 yon fason pou garanti bonjan jesyon program ak projè PetroKaribe yo. Konsa, Boisguéné soulinye ke se pa de difikilte, pikan ak kanpe ankwà ke yo te jwen nan prosesis twazyè ankèt la.

Palmantè Sildor egalman felisite otorite CSCCA yo pou respè ke yo manifeste pou rezolusyon Gran Kò a te pran nan fevwiye 2018 pou avanse ak yon parèy travay, e promèt pou soumèt li bay ti kras Sena a pou swit nesesè.

Comments are closed.