Hayti pa vreman gen problèm Konstitisyon men pito problèm aplikasyon konstitisyon!

2,937

Malgré peyi a chajé ak swa dizan Pati Politik men ta sanblé youn nan dirijan yo pa janm gentan pou li sa ki ekri andedan Konstitisyon 1987 la, non selman sa, Direktè ak Direktris Lopinyon nan medya yo pa fèl, Ministè Kominikasyon peyi a pa fel tou. E bon e si Ministè Ledikasyon (Levasyon) Nasyonal te fè élèv yo etidyé konstitisyon an nan lekol yo, eskel patap bon? Antouka me kèk atik kem relvé nan konstitisyon haytièn 1987 la ke moun ki te pase chef nan tèt peyi a ak nan KEP yo pat janm aplike yo.
Al fè rechèch sou yo, al li yo epi wa dekouvri yo pouw wè ke nèg ak fanm yo ki te pasé tou nan Sena ak Chanm Depité a pa janm enteresé tou pou fè aplike yo e si yo te apliké, jodi a Hayti, ak chak Depatman li yo tap gentan Otonom pou ke Hayti tap gentan yon Repiblik Federal pou devlopman entegral te ka fet fasil nan yo.

Imajinew Hayti kom Eta Initè pap ka kontinyé kenbe ni devlopé janl yé a ak Sistèm Sosyo Politik Boutèy krazé ki pa ka pyésé a, paske 85% peyi sou latè kap dirije kom *Eta Initè* pa rive devlopé, se sa ki koz an pati yo se peyi pòv, si nou kwem manti al fè rechèch sou sa. Al fè rechèch tou sou peyi G7 yo ak G20 pouw konpwann Sistèm Politik pa yo kom Gouvenman ak Repiblik Federal, wap rive jwenn se sel ak yon Sistem Sosyo Politik Federalis ke yo chanjé epi devlopé, yo pèmèt Otonomi ak Desantralizasyon fèt san pwoblèm nan Pwovens yo, Depatman yo, Oblast yo, Eta yo, elatriyé…lakay yo men nan ka Hayti a, li ta dwé swiv menn egzanp sa yo pou li pasé pa Otonomi chak Dépatman li yo tankou Atik 77 la dil la, sa pa janm rivé fèt, lè sa a peyi a patap menm tann 20 lané pou li lévé kanpé atè a.

Si nou al li atik sa yo pi ba a, nap wè ke konstitisyon 1987 la te deja trasé wout pou Hayti te devni yon Repiblik Federal, tankou 28 lot peyi Federal ak yon dizèn lot ki enspiré menm sistèm sa, ki gen anwo latè a, koté yo itilizé menm sistem Sistem Federal la a de 70 a 80% pou fè lakay yo maché e konsa ak menm fòmil sa a, chak Depatman Hayti tap kapab gran moun tet yo men selman yo tap sou siveyans yon Gouvenman Federal ki pou mete lòd lè sa nésésè.

Me sa moun ki te pasé nan tèt peyi a ak moun ki te pasé nan tout KEP yo pat ka fè a e pat janm vlé fè, ki lakoz peyi a bloké jodi a, mwen envité nou al li atik sa yo pi ba a, nap jwenn tout verité yo.

Donk Hayti pa vreman gen problem Konstitisyon men pito problèm aplikasyon konstitisyon an ki ap mandé selman yon ti pase men nan kek atik paske 2022 pa 1987 sitou popilasyon haytien lan vini ogmanté anpil, donk gen posibilite pou genyen kek Nouvo Depatman, Nouvel Awondisman ak Nouvel Komin epi san pwoblem.

Men atik yo ki konsidéré tankou yon devwa ou yon leson pou nou etidyé pou nou dekouvri reyalité a :
1) Atik 19, 22;

2) Atik 32, 32.1, 32.3, 32.5, 32.4, 32.6, 32.7, 32.8 epi 32.9.

3) Atik 52.3 + 268

4) Atik. 64; 66; 67.

5) Atik. 73; *77*; 78;

6) Atik. 80; 81; 82; 87; 87.1; 87.2; 87.3; 87.4; 87.5

7) Atik. 98.1

8) Atik. 175

9) Atik. 190; 191; 192;

10) Atik. 217; 223.
11) Atik. 259, 260, 261 ak 262.
Donk nou wè ké : Atik sa yo pale sou kokektivité teritoryal, Otonomi Depatman yo ak Désantralizasyon yo epi ki jan pou Depatman yo nan peyi a dwé jere.

Nan ka sa a nou wè se : *Movèz aplikasyon Konstitisyon 1987 la* ki lakoz peyi a ap soufri jodi a.
Kalé zyé nou pou nou fè leta apliké yo san graté tèt ban nou, donk Konstitisyon an pa bezwen chanjé selman modifyé kek nan atik yo pou nou adapté nou a epok ke nou ye la a, poun rivé chanjé Hayti.

Arne, Conseiller à distance

Comments are closed.