Lapolis nan Tekzas dekouvwi yon santèn imigran fèmen tankou sadin nan yon kay retrèt

425

05/02/2021

Ouston_______(TRiboLAND) Nan moman yo tap eseye egzekite yon manda pou yon seri ka kidnapping, polisye tekzas yo dekouvwi yon kay retrèt ki loje yon santèn imigran fèmen tankou sadin nan Ouston nan Tekzas.

Selon responsab SWAT yo, yo jwen plizyè nan moun yo dezidrate e ki genyen plizyè jou yo pa manje. Sa ki pi rèd la, genyen nan yo ki pat kapab kanpe sou pye yo tèlman feblès te akapare yo. Ajoute ak sa, plizyè nan yo prezante yon seri sentòm kovid-19.

Enfòmasyon yo fè eta de youn nan manm fanmiy imigran yo te oblije alète lapolis apwè ke trafikè yo tap egzije li peye yon ranson pou liberasyon yon pwòch li. Selon otorite yo, tout sa antre nan kàd yon seri aktivite ilegal polis fontalyè yo ap fè fas chak jou Bondye mete nan Tekzas.

Comments are closed.