Zak kidnapping ap pran jarèt nan Nòdwès: Jenny Marcélus, jèn nègès 25 rekòt anlve depi jedi swa nan katye “Lakoup” nan vil Pòdpè

345

04/03/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Zak kidnapping ap pran jarèt e bay anpil kè sere nan depatman Nòdwès la espasyàlman nan yon katye rezidansyèl “Lakoup” nan vil Pòdpè. Apwè bandi sangwen te fin kidnape 3 moun pami yo Mèrès komin Basen Ble a, Milouse Rosier semen pase a, fwa sa se tou pa Jenny Marcélus, yon demwazèl 25 rekòt bandi mal pouwont ame kidnape nan lanwit jedi 1 avril 2021 an nan moman li te soti al achte yon pap padap. Anlèvman, selon enfòmasyon ki soti bò kote manm viktim nan fèt touprè Inivèsite Valparaiso, nan kafou legliz Nazareyen an ki twouve’l nan Lakoup, Pòdpè.

Apwè plizyè jou, Jenny te resi etabli kontak ak fanmiy li. Selon temwanyàj yon tant viktim nan ki pat ka kenbe dlo nan je’l, ravisè sangwen yo te anviwon yo 5 e yo te abò yon machin ki t’ap swiv otaj la. Yo pran li manu militari e boure’l anndan machin nan, mete yon sachè nwa nan tèt li e pati ak li.

Bagay yo pa piti pou Jenny! Nan konvèsasyon ke li te genyen avèk manm fanmiy li nan telefòn, li fè konnen 2 men li mare e yo pa ba li chans pou li fè twalèt li e pwesyon yo bay anpil lawouli. Li esplike ravisè yo mande fanmiy lan lajan pou yo al depoze tanto dèyè Larivyè Pòdpè a, tanto nan yon zòn ki rele Tifon, yon seksyon kominal Pòdpè. Dènye kote ravisè yo kase randevou, se nan yon zòn ki rele Sous Moro, nan komin Chansòlm, kote ke yo dwe depoze ranson an ki $45,000 ameriken jou kap lendi 5 avril 2021 an.

Laperès pa sispan anvayi anpil moun nan depatman Nòdwès la ki deja anrejistre yon latriye ka kidnapping. Nan mwens 2 semèn, Nòdwès resanse 2 ka kidnapping, yon sitiyasyon ki lakoz anpil moun ap dòmi yon je ouvè, yon je fèmen!

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.