Kafou : polisye Johnson Bélizaire mouri ansanm ak pitit fi li ki genyen 2 lane sèlman, yo chak pran yon bal nan tèt

537

07/02/2021

Kafou______(TriboLAND) Johnson Bélizaire, se non yon polisye 29èm pwomosyon Police Nationale d’Haiti a ki te afekte Corps de la Brigade d’Intervention Motorisée (CBIM), arive asasine yon petit fi li ki genyen sèlman 2 lane; e apwè swiside tèt li ak yon bal nan tèt nan komin Kafou, Akachon 32.

Se yon veritab chòk pou kominote kafou a! Foto kap paweze sou rezo sosyàl yo montre Johnson ak tout ti fiyèt inosan an kap benyen nan san sou yon kaban, yo chak yon bal nan tèt. Anpil rumè pa manke kreye nwàj sou yon parèy dràm.

Ki sa ki ta pouse yon moun asasinen yon ti lèzanj menm lè ou ta aprann ke se pa tipit ou li ye; e ki sa ki pouse Bélizaire swiside tèt li apwè li anlve lavi ti fiyèt la? Se tout yon ansanm kesyon ki pa sispann poze apwè yon parèy dràm nan sosyete ayisyen nan ki an lanbo.

Sepandan, pèsònn moun pa konnen ki sa ki ta motif yon parèy trajedi. Li enpòtan pou sinyale ke manman ak papa fiyèt la te toujou genyen ti pwoblèm familyàl, dapwè kèk vwazinaj jouda ki vle rete anonima.

Comments are closed.