Avoka yo nan Bawo Pòdpè a, some prezidan ajan egzekitif enterimè Mèri Pòdpè a.

957

01 – 31 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Avoka yo nan Bawo Pòdpè a atravè yon somasyon, vle trennen prezidan ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a devan tribinal, pou pòs peyaj ke li mete nan lokalite karenaj pou ransone popilasyon an.

Plizyè avoka militan prente tèt yo andedan somasyon sila pami yo, Mèt Jean Mary Florestal, Edler Louima, Gama Estimond, Kerly Dubréus, poun site sa yo sèlman, nan objektif pou mande ak ansyen detni prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma, kanpe sou desizyon ransone kòb popilasyon an.

Nap raple ou, pandan plizyè mwa lokatè Mèri Pòdpè a ap rache separe nan ranmase kòb nan Karenaj, sa pa anpeche vil Pòdpè vin pi sal ke janl te ye ak labou san konte fatra kap taye banda nan tout ti kwen, yon politik fatra ki fasilite yon sous kòripsyon kap taye banda egalman nan mitan swadizan yon ti ekip san sal kap dirije Meri Pòdpè a.

Nap raple, genyen avoka ki te konplis nan mete “Pòs piyaj” la sou pye nan asèpte epole dezòd Josue Alusma yo, men malerezman gagotaj la mal pase e yo pa kapab parèt tèt yo nan yon parèy somasyon legal kont Josue Alusma. Pa bliye, responsab swadizan Meri Pòdpè yo, anba rada ULCC!

Comments are closed.