Yon gwoup moun ki kalifye nan pwogram Imanitè Joe Biden nan anvayi Ayeyopò Kap-Ayisyen an

824

04 – 07 – 2024

Kap-Ayisyen, Pòtoprens___(TRiboLAND) Yon gwoup moun ki kalifye nan pwogram Imanitè Joe Biden nan, anvayi Ayeyopò Kap-Ayisyen an samdi 06 avril 2024 la, kòm kwa ta genyen avyon yo mete disponib pou yo vwayaje gratis ticheri.

Majistra vil Kap-Ayisyen an, Patrick Almonor nan kad yon entèvyou li akòde Radyo Kiskeya, li demanti enfòmasyon kap sikile kòm kwa ta genyen avyon yo mete disponib pou moun ki bon nan pwogram Imanitè Joe Biden nan vwayaje gratis ticheri.

Daprè majistra enterimè a, kontrèman ak rimè kap sikile yo, pa genyen oken avyon ke yo mete disponib pou moun ki bon nan pwogram nan vwayaje; se gouvènman ameriken ki òganize vòl pou sitwayèn ak sitwayen ameriken li di ki tap travay nan peyi Dayiti kap rantre Etazini akòz ensekirite jeneralize gang ame yo etabli nan peyi a.

Premye sitwayen vil okap la, mesye Patrick Almonor kontinye pou li di, se konpayi aryeryèn “SUNRISE AIRWAYS” yo lwe pou òganize vòl komèsyal yo, men sepandan, genyen gwo difikilte pou moun yo vwayaje akoz se yon sèl avyon kap fè liye lan.

Comments are closed.