Yon lòt fwa ankò, vil Jeremi viv gwo tansyon ak pwotestasyon kont gouvènman san sal Ariel Henry

866

01 – 16 – 2024

Jeremi, Ayiti­­­___(TRiboLAND) Byen bonè maten madi 16 janvye 2024 la, popilasyon vil Jeremi an te deja sou benzenn li. Yon gwoup opozan fawouch ki kont ekip sangwen ki sou pouvwa te deja kòmanse matine a ak barikad anflame nan divès kwen nan vil la. Anpil kout zam otomatik tap chante e lapolis te rete bwakwaze.

Lekòl piblik ak pwive ak bank komèsyal yo pat menm pran chans fonksyone; pòt yo te fèmen akoz koulè vyolans manifestasyon yo, maten madi 16 janvye 2024 la.

Moun te kapab sinyale, yon gwoup nèg gagoule ki te trè agresif te fòse yon seri kliyantèl tankou Unibank, BNC ak Sogebank kouri kite liy e mache pòs yo.

Sikile nan vil Jeremi pandan mitan jounen an, pat piti! Anbouteyaj sikilasyon ak tansyon te makònnen ansanm; otorite polisyè yo te oblije mande konkou teknisyen direksyon depatmantal ministè travo piblik ak transpò ak kominikasyon pou te debleye yon seri pasaj ki te bloke.

Nap raple seri manif sila yo, antre nan kad deboulonnaj gouvènman san sal Ariel Henry a ki ta sanble detèmine fè konplis kolon entènasyonal yo pou disparèt peyi Dayiti.

Comments are closed.