Bagay moun pa janm wè! Pri barik petwòl pran yon gwo bès negatif: pwemye fwa nan istwa peyi Etazini

0 371

New York____(TRiboLAND) Pri petwòl la efondre nan zònn New York jodi Lendi 20 Avwil 2020 an. Sou mache a, pri petwòl bwit ameriken an pèdi pye jiska 300% yè swa e tonbe nan negativite a -37, 63 dola.

Se pi gwo bès ke Bloomberg jamè anrejistre. Depwesyasyon sa ki gen faktè teknik, ekspirasyon kontra pou livwezon nan mwa Mai a demen Madi a, mete egalman anfaz sou direksyon van kontrè ke mache petwòl la dwe fè fas.   

Lò nwa a subi bonjan fwap avèk efondreman demann lan akoz mezi konfinnman yo pou andige pwopagasyon kowonaviris la. Selon estimasyon yo, konsomasyon petwòl la atravè monn lan tonbe ra pye tè a 20 milyon barik chak jou (mb/j) e jiska 30 mb/j pou sa yo ki pesimis. Avan pandemi an, mache a te nan anviwon 100 mb/j.

Leave A Reply