Legliz Evanjelik Dedye Koray Gicha mete fen nan gran konferans anyèl yo jodi dimanch 7 avril 2024 la.

709

04 – 07 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Lidè legliz Evanjelik Dedye Koray Gicha yo, 3èm seksyon Dègranj mete fen nan gran konferans anyèl yo, jodi dimanch 07 avril 2024 la, nan depatman Nòdwès peyi a.

Yon konferans ki te dire 8 jou, ki te genyen kòm tèm : Si nou vle jwi benediksyon Bonbdye se pou nou sèvi l”. Ex 23 : 25, 26 la. Anpil anpil kretyen te fè deplasman, e yo te soti nan diferan rejyon kote yo te vin adore Bondye ki anwo nan style la. Yo tap mande gras pou peyi Dayiti ki plonje nan efondreman ak yon kriz esepsyonèl 7 tèt.

Reveran pastè Chilet Jean Louis nan predikasyon an, li ekzote fidèl yo pou soti nan tantasyon,vyolans ak tout move lide ki kapab antrave yo. Jean Louis ale pi lwen pou li mande fidèl yo pèsevere anpil si yo vle jwi laglwa Bondye.

Comments are closed.