Sitwayen yo nan Senlwidinò ap fè bwas pou mete sou pye yon Lig pou fè Foutbòl la mache pi byen

837

04 – 07 – 2024

Senlwidinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan lide pou rann Foutbòl la vanse nan komin Senlwidinò, sou demand Mèri a, divès sitwayen chita jodi dimanch 7 avril 2024 la, pou dote komin lan yon komisyon pou òganize aktivite Foutbòl sou Pak Nelson Petit Frère ak antreprann yon seri travay reyabilitasyon lojistik e teknik.

Objektif premye a, se dote komin Senlwidinò yon Lig Foutbòl. Men, anatandan egzistans yon Lig, y’ap genyen pou panse mete sou pye yon komisyon kap gen ant 18 a 24 mwa pou travay nan tèt kole ak komite kap jere teren an ansanm ak tout lòt antite, pou fè Foutbòl la vanse.

Nan rankont ki fèt jodia, yon mini komisyon ki gen 7 moun moute, pami yo gen: Jonas Charité, Bertony Vilié, Edmond Alisca pou-n site sa yo sèlman. Moun sa yo pral travay sou yon seri pwopozisyon ki pral vin sou tab la, epi elaji komisyon an pou jere tout sa ki gen pou wè ak jwèt boul la nan komin Senlwidinò.

Nap raple, inisyativ sa te lanse depi nan mwa desanm 2023, men pat gen katèl ki te poze kandida pou eleksyon te fèt nan epòk la. ‎

Comments are closed.