Atansyon veye yo! ONG, otorite lokal kòwonpi tout kalite deja ap chofe teren pou deplimen èd ak asistans viktim gwoudou gwoudou yo ankò!

1,292

08/15/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Gwoudou gwoudou : jwèt eskanmòtè raketè yo kòmanse yon lòt fwà ankò pou pwofite fè fòtin sou zo ren malere nan peyi Dayiti ki pa sispan viv yon povwete ekstrèm.

Atakan tout kalite, lokal ak entènasyonal ki genyen pwòp abit yo deja ap chofe teren pou chire filè popilasyon ayisyèn nan, nan fè gòl ak men. Balon an nan men tout kalite ONG, ap chofe jarèt nan mande charite atravè “Fundraising charite pòv la” nan non yon Ayiti ki alagoni ak kriz sou kriz pou yon lòt edisyon.

TRiboLAND vle raple tout pèp ayisyen an, ki lòt krim yon seri san manman te komèt anplis sou tèt pèp ayisyen an apwè gwoudou gwoudou devastatè 2010 ki te touye plis pase 200, 000 moun. Mafya, otorite Leta ayisyen ak ONG entènasyonal te òganize yo pou yo te finansyèman krabinen ou deplimen Ayiti, pandan yo tap montre ke yo genyen anpil sansibilite.

Fwà sa, veye anwo, veye anba! Anpil nan enstans abolotcho san pitye sa yo, deja mobilize sou rezo sosyàl yo pou yo atrap tout efò ki pwàl anvizaje pou ede viktim yo jwen ekzanp yon ti boutèy “dlo” oubyen yon “tant”; sepandan li enpòtan pou nou pwoaktif e ame nou de tout vijilans pou denonse, fè foto, avili tout otorite, politisyen, ONG ak dinyite entènasyonal ki senpleman fè èd ou asistans pase sou non pèp ayisyen alòske mas defavorize yo pa menm wè asistans sa yo menm nan dòmi.

Raple nou egalman, yon seri kriminèl politisyen ki te fèmen yon seri asistans alimantè nan depo, jous pou te rete tann kanpay eleksyon; raple nou ki kantite gagòt ki te fèt ak “Fond Reconstruction Haiti” a; raple nou ki sa La Croix Rouge Internationale te fè nou; raple nou egalman ki wòl La Famiy Clinton ak anpil senatè repiblik la te jwe nan yon parèy pwosesis; raple nou egalman siklon Mathieu, lè yon seri gwo boujwà tap transpòte fwomaj ki te destine pou distribisyon popilè! Ala fen, won bè, won tisale! Finalman, tout rès planèt la mete nan tèt yo se pa de èd ke pèp ayisyen pa resevwà!

Èd Ayiti yo toujou al jwen otorite kòwonpi ayisyen ak ONG ki retounen yon bon valè lakay yo ankò; men anyen pa janm rive touche mas defavorize a atravè yon bon plan distribisyon onèt ou ekitab. Anpil fwà, lè yon peyi deklare ke li ede pèp ayisyen, se vrèman manti! Yo ede politisyen ou gouvènman lokal kòwonpi ayisyen, men pa sitwàyen ayisyen kap naje nan povwete sistemik ou pwograme a.

Nan sans sa, si responsab aktyèl yo nan peyi Dayiti vle fè respè tèt yo oubyen pou jwen ti kal kredi popilè, yo ta dwe anvizaje kreyasyon “Task Force” onèt, pwòp ou transparan ki kapab desantralize ou dekòtike tout èd; elabore yon bon plan jesyon asistans e an menm tan lanse yon platfòm anliyn ki pou fasilite kontablite tout èd ou asistans kap antre ou sòti nan non viktim gwoudou gwoudou yo. Konsa, nasyon ayisyèn ap kapap gen aksè pou wè, monitore, e kontabilize valè tout sa lòt patnè kontribye pou Ayiti; ki sa ki soti pou chak komin? Ki sa ki delivwe nan chak komin, valè yo repwezante e ki konpayi ki delivwe l? Finalman, ki sa ki disponib e ki poko depanse ou delivwe?

Enel Richard

Comments are closed.